|
Ghislaine Charles
Atis pent |
Ghislaine Charles fèt nan Mibalè, Ayiti. Se yon atis pent ki aprann pou kò li, ki te swiv kou penti an 1999 ak pwofesè Emmanuel Pierre-Charles, depi 2001 li avèk pwofesè ak mèt pent Khalil Antoniades.
Estil: Pòtre, penti enpresyonis ak sireyalis
Medium: sitou penti ak lwil.
Espozisyon: 2008 Bibliyotèk Lavalas nan kad Mwa Istwa Nwa a; Plizyè espozisyon an solo ak nan gwoup nan anpil zòn nan Montréal.
Filozofi atis la : penti, se yon «médium» ki pèmèt nou tradui santiman nou, nanm nou, esprime tout emosyon nou. Se tankou mizik yon langaj inivèsèl. Nan pòtre mwen yo, mwen bay omaj a Nwa yo ki te kontribye pou estati nou nan lemonn vin pi bèl, tankou Nelson Mandela, Oscar Peterson ak anpil lòt.
M ap pase bay pitit mwen yo ak pitit pitit mwen yo lanmou mwen pou penti, pou lang kreyòl ak fason nou fè kwizin antiyèz la.
|
|