English Français Español Kreyòl     
Lakay Atis Sa nouyé Kalandriye Nouvèl Fòm Kontakte nou
Eddy Thony Moïse
Atis pent

Eddy Thony Moïse fèt nan Pòtoprens, Ayiti. Depi li tou piti li te renmen desen ak penti. Li gen diplòm nan pedagoji ak nan asanblaj estrikti metalik, li te toujou konn esplwate imajinasyon li pou li fè eskilti ak penti. Li travay papye mache tou.

Papa l, Jozèf Thony Moïse, atispent, se pwofesè li ak modèl li. Li te ankouraje l ale nan chimen sa a.

Eddy Thony Moïse genyen yon estil eklektik nan tandans modèn nan. Li sèvi ak anpil koulè, yon lè koulè li yo se lavi, yo cho, yon lè yo swa , yon lè yo melanje.

Eddy Thony Moïse patisipe nan anpil espozisyon pafwa pou kò l, pafwa an gwoup. Konsa tablo li yo vwayaje anpil, sitou nan peyi Etazini ak Kanada, men tou nan patri zansèt li, Ayiti.



Touche pou wouè galri à
 
         
  © Artistesdereminiscences 2009-2024 Tout doa résèvé. Decinen pà kcmarketingdesign.com