English Français Español Kreyòl     
Lakay Atis Sa nouyé Kalandriye Nouvèl Fòm Kontakte nou
Houmano Eustache
Atis pent

Houmano Eustache fèt Ayiti, nan vil Kap-Ayisyen. Li te etidye nan Kolèj Klasik nan Okap jouk 1972. Pasyon li ak ladrès li fè li swiv kou penti nan lekòl ABC Paris nan zòn ane 1980.

Travay atistik sou tout aspè, tout jan, tout kote toujou okipe premye plas nan lavi li.

Li se gran amatè mizik, li renmen anpil« smooth jazz yo ak gwo klasik tan lontan». Gran show sou Art TV se pasyon li tou. Houmano te patisipe nan divès kalite espozisyon, solo oswa nan gwoup , ann Ayiti ak nan Canada, patikilyèman, nan pwovens Québec.

Filozofi atis la

«Konnen tèt ou ou menm … Lavi m, mwen viv li senpleman san traka, fè penti tounen yon rezon enpòtan nan pasaj egzistans mwen sou tè a. Chak jou pou mwen, se tankou yon etènite ki kouvri ak plezi, ak bèl avantaj. Sesa! »



Touche pou wouè galri à
 
         
  © Artistesdereminiscences 2009-2024 Tout doa résèvé. Decinen pà kcmarketingdesign.com