English Français Español Kreyòl     
Lakay Atis Sa nouyé Kalandriye Nouvèl Fòm Kontakte nou
Dorcely III
Atis pent

Dorcely III se youn nan tatawèl yon liye fanmi atis pent. Fignolé P. Dorcély se yon jeyan nan travay atistik modèn, ki konn montre nannan pèp la nan tout senbòl. Atravè penti li, yo konprann nesesite demach estetik li jan li pwoche sijè sosyal, mistik, kosmogonik, sikanalitik, istorik, menm lanmou ak politik.

Yo p ap ka bliye lò li rive nan penti. Depi nan laj nèf lane Dorcély III metrize deja penso tankou yon mèt.Voyant Dorcély ak Georgette Nelson papa l ak manman l, lè yo wè sa pral ankouraje l kontinye nan chemen sa a. Dorcély III pati pou Pari an 1991, kote li kontinye pratike metye li ak anpil siksè. Li espoze nan plizyè vil ann Ewòp. N ap nonmen kèk nan pi gwo espozisyon l yo :-Grand palais d’Iéna, nan Paris- Espace Concorde d’ Asnières kote li resevwa pri lavil la, Salon des peintres francophones, nan Paris kote li te fè yon gwo siksè lè li te fyè pou reprezante peyi l. Atis la ale anpil kote sou latè: Republique Dominicaine, Venezuela, Colombie, Chili, Porto-Rico, Guadeloupe, Saint- Martin, Curaçao, Etats-Unis d’Amérique, Belgique, Suisse, Luxembourg, Hollande, Italie, Espagne et le Royaume-Unis.

Lan lane 1997, Dorcély III deside vin viv Montréal, kote li rankontre Emmanuel Pierre Charles, yon gwo atis pent ayisyen. Yon bèl zanmitay tabli epi ansanm yo òganize anpil espozisyon, pou anbeli penti modèn ak nayif.

2001, Dorcely III espoze pou kò li nan Konsila Ayiti nan New York City, kote yo ba li Onè ak merit deske li byen fè resòti kilti ayisyèn an nan penti li yo.

Penti pou Dorcély III se yon liv louvri ki vivan, li pale ak nou ak imaj epi koulè li yo.

Christian Bégiuer



Touche pou wouè galri à
 
         
  © Artistesdereminiscences 2009-2024 Tout doa résèvé. Decinen pà kcmarketingdesign.com