English Français Español Kreyòl     
Lakay Atis Sa nouyé Kalandriye Nouvèl Fòm Kontakte nou
Suzy Reimers
Atis pent

Suzy Reimers fèt nan Pòtoprens. Apre etid li lan kolèj ann Ayiti, li pran yon diplòm Komèsyal nan High School Puerto Rico, yon sètifika nan jeyontoloji, Cégep Bois de Boulogne nan Montréal, ak yon sètifika pou Education en milieu de garde nan UQUAM. Li te kodirektris ak kofondatris yon gadri edikatif pandan 15 lane nan jesyon finansyè anvan li dekouvri atirans li ak kapasite li lan travay atistik.

Li kòmanse nan potri, kouti, dekorasyon mitan kay, jadinaj epi se tou dènyèman li lage kòl lan penti ak bijou. Aprè kou penti nan sant kominotè Côtes des Neiges, ak kou pou aprann fè bijou nan sant atistik vizyèl nan galri McClure, kapasite li ak teknik li vinn benefisye bon konsèy ak sipèvizyon pèsonèl Madame Rose, sè pent Tatossian.

Li travay akrilik men kounye a li pito penti ak lwil. Li swete toujou amelyore travay li pi plis afòs frekante pent parey li.



Touche pou wouè galri à
 
         
  © Artistesdereminiscences 2009-2024 Tout doa résèvé. Decinen pà kcmarketingdesign.com