 |
Rose-Marie Lafontant
Atis pent |
Rose-Marie se Ayisien natif natal. Li se yon enfimyè bachelye, li travay kankou enfimye Klnisyen nan sante kominotè ak coordonatris aktivite swen nan lopital. Li te viv 5 lane nan Cote d’Ivoire, Afrik Lwest, kote li te fe konesans ak travay atist. Depi lè sa a, desen ak penti vini tounen pasyon li.
Li gen fomasyion oto dikdak, li swiv tou kou prive.
Penti li yo se peyizaj Ayiti, li fè potre ak penti abstrè.
Palèt li diversifye, koulè yo rich, epi penti yo montre kè poze.
Sekreté Association des Artistes de Reminiscences, li travay pou developeman jen asosyasyon pou li kapab kite mak li pou generasyon kap vini yo. Filozofi li se yon fraze Kleist : « Mwen mouri lé mwen pa gen anyen pou m apran ak pou m konkeri' ».
Ekspozisyon
Li patisipe plizye ekspozisyon nan Laval nan plizye bibliotek
Nan Monreyal nan Plas Bonavanti , nan lapĕl retwouve, nan Mize Mc Cord , nan Santiago peyi Cuba nan Mize A plastik
|
|