English Français Español Kreyòl     
Lakay Atis Sa nouyé Kalandriye Nouvèl Fòm Kontakte nou
Lisette  Doleyres
Atis pent

Lisette se moun Port de Paix, se yon enfimié Bachelyé nan Inivĕsite Monreyal.» Apwe 20 lane ap travay nan plizyé lopital nan Monreyal, li deside al travay nan Petites Desdunes ak Paraidon 2 lokalite ki, youn nan latibonit, lŏt la nan Plato Santwal nan peyi Dayiti avek SOSAKA li te reskonsab yon pwogram sante entegre. Li mete sou pye pwogram IEC(enfŏmasyon,Edikasyon, Kominicasyon avek ACSUR nan Plato Sentwal. Li te travay Bénin Afrik nan lwes, nan sou prefekti Savalou ak OXFAM nan yon pwogram vaksinasyon ak swen sante primĕ.
Lè li tounen Montreal, li dekouvri yon lŏt pasyon, li vle kalme nanm nou ak maji koule yo. Koule yo ak penso yo se bon medikaman pou kembe limen etensel espwa. Li se manm Asosyasyon : Atis Reminisans yo.

Li fĕ penti sèn la vi nan peyi natif natal li, yon peyi atachan, Ayiti Thomas peyi kote je l louvri. Nan tout penti li yo, li kontinye montre atachman solid sa a, li gen pou peyi l.

Eskpozisyon

Li participe nan anpil ekspozisyon pou kont li , an gwoup tou plizye kote nan Monreyal : Nan otel, nan bibliotek Laval , Ottawa,nan Miz Mc Cord , nan Plas Bonavanti,

Nan Mize A Plastik nan vil Santiago nan Kiba



Touche pou wouè galri à
 
         
  © Artistesdereminiscences 2009-2024 Tout doa résèvé. Decinen pà kcmarketingdesign.com